Istwa Kleren egziste depi lè istwa pat ko fin istwa, pa gen yon dat egzat lè kleren kreye men se nan epòk Neolitik lè moun te sedantarize. Koze kleren ke yo rele alcool la soti nan mo Arab "Al KHOL " li grandi avek tan e li pran yon plas ki pa piti nan mitan nou. Avek tan e selon chak peyi li vin pran divès fòm ki pa men m. Tanzantan kleren gen yon definisyon diferan: Rèmed kont pwazon, Rèmed kont gonfliman, Lafyèv elatriye. Yo rele l Lwil bondye, Lwil satan, Lespri...Li pran tout non Yo sèvi l nan fèt, nan gwo okazyon, lè gen envite spesyal ak legliz nan moman sent sèn Depi lontan yo te toujou wèl tankou pwazon ou byen yon mwayen pou bay pwazon. Kleren fèt lè ou kite kek fwi ou sereyal fèmante lontan. E depi nan tan lontan moun te konn pwodwi kleren Yo fè kleren ak sa yo jwenn Takou: kann, kokoye, dlo lapli, mayi bouyi ke w kite pran lè . Nan chak sosyete, nan chak kilti kleren ou alcool gen limit li selon mantalite moun kap viv lè sa. E jouk kounya tafya a pa kite lejislatè yo endiferan. Dè fwa yo te konn konsidere l kòm yon pwoblèm moral kote lajistis pran pa. Se jis nan 18 tyèm syèk yo vin konsidere l tankou yon problem medikal. Nan le mond Kleren provoke yon sansasyon psychotrope : "Jean Delaye ekri depi 1957 se yon bagay ki dirige lespri ak konpòtman "Sa nou rele gwòg di a se yon dwòg di Ki vle di ki sa: "sa w pa vle wè a, ou tande a se li ou ye. Nou dwoge e pi fò nan ti moun nou yo dwoge" Kleren se dwòg ki touye plis moun sou latè, se sak fè chak peyi ki gen lwa ba l limit li e gen kèk sosyete ki entèdi l e gen lòt peyi ki bani koze sa a nèt. Kleren tounen yon pwoblèm sante ak sekirite piblik. Kleren se yon likid ki andomaje tout pati nan kò w spesyalman sèvo w selon OMS Ki fè w anvi fe sexe san pwoteksyon e anplis tout kalite sex. Kleren touye 3.4% moun nan mond lan chak ane plis moun sa yo se jèn soti 20 an rive 39 an. Relijyon ak kleren Nan labib koze kleren an senbolize yon bagay diven e yo asosyel ak san Jezi Men depi byen lontan gen religion ki te gen dieu ki dedye ak kleren tankou Dionysos an Grèce ak Bacchus pou Rome. Se kretyen ki kreye premye mache kleren gras ak yon aparèy ki ka distiye kleren an ke yo te rele : "Alambic" Aprè dezyèm gè mondyal premye sant dezentoksifikasyon kreye men se jis an 1950 ke yo pral konsidere yon kaka kleren kòm yon moun ki malad. Posesyon Kleren vide sevo li detwi volonte Mo grec pou posede se "Pharmakeia" ki soti nan mo "Pharmacie" ou ka wè klè ke dwòg kleren rale vye espri. Apocalypse 18 : 23 di: Dyab la ap sedwi mond lan pa "anchantman" ou posesyon (pharmakeia) yon mot ke nou ka tradwi pa dwòg. Lè w bwè kleren ou pèdi kontwòl lespri w ak entèlijans ou. Yon ekip enèji negatif pran vantaj sou feblès sa a e yo antre nan konsyans ou. Daprè enstiti kap konbat kont abi alcool deklare kleren se yon dwòg tankou tout dwòg. Kleren detwi volonte e pèmet move lespri antre sou moun. Nan peyi etazini yon rele l "spirit" yo fè diferans ant diven, byè ak gwòg di. Egzanp magazen sa ki rele: "Wine and Spirit". Kleren an AYITI: Gen yon Lwa sou kleren ke Stevenson Benoit ekri men sa li di nan atik 21 an: "Okenn machann pa dwe vann kleren ou byen bwason ki gen kleren san otorizasyon ministè Komès endistri ak la Sante". Se yon Lwa ki bèbè menm jan ak anpil lòt lwa nan peyi a. Ki sa nou wè, nenpòt moun fè kleren amatè nan yon kondisyon ki pa ijyenik e yo vann li nan galon ki pa janm lave. Nou wè mouch, pousyè defwa yap vann li bò ravin egzanp: "pòtay leogane bò bwatchèn". Pou fè plis kòb yo melanje kleren an ak dlo e kèk fwa moun konn mouri nan bwè kleren anpwazonen. Ti moun kou gran moun, ti fi kou jenn fanm ka achte kleren an AYITI, li pa koute chè 5 goud sèlman ki reprezante 5 centime ameriken ou gen yon kèp tafya. Kèk fwa lè grangou a di pou bliye soufrans lan yo bwè kleren pou yo touye vè. Gen tout kalite kleren anmatè kreye tankou: asosi /po lay/ ti roz/ alkonyen/ vèdye/ safran/ bwa bòz/ 4 las/ Gazman nan grand goave elatriye. Daprè anmatè a chak bon pou yon kalite maladi oubyen doulè. Pa gen okenn moun ki gen okenn kontwòl sou sa kap fèt la. Soti sou leta pase pran anmatè a rive sou konsomatè. Se konsa chak jou lavi ap dewoule an AYITI. Lè tafya komanse twòp pou yon moun yo rele l dejwe ki vle di ke moun sa se yon moun ki pèdi lisidite l, yon vakabon, yon moun fou oubyen yon moun dyab devye paske l paka touye l. Slogan : "Yo paka touye m / yo dejwe m". Yon jèn ki dejwe nan tafya an Ayiti pa jwenn okenn sipò nan men leta, paran, zanmi menm legliz repouse l jouk moun sa mouri. Okenn moun pa vle pran pa ak moun sa okontrè yo blame moun kòm ki dire se fòt li si li nan eta sa a. Yo pa konsidere addiction kom yon maladi an ayiti. Asosiyasyon pou prevansyon alcool ak lòt akoutimans chimik (APAAC) sèl enstitition leta ki ta dwe pote sipò nan sans sa majorite moun pa menm konn si li egziste. Leta kreye pwogram tankou Kanaval / Ti sourit olye li kreye sant pou dezentoksike moun. Li otorize reklam kleren nan tout radyo ak televizyon yon fason pou w twouve ke li nòmal pou sou chak jou. Sa montre a klè ke LETA pa renmen Jenès. Kleren detwi lavi e li pote anpil soufrans pou moun ki adikte ak tout fanmi l. Li kraze fwaye e li mete dlo nan je. Ann kanpe lwen Kleren oubyen redwi kantite ou konsome chak jou. Ki jan ou ka fè sa: Atik sa se premye pa e mwen remèsye w deske w li l. Defo otopwoteje tèt li. Li fè w pè chèche enfòmasyon sou li. Jodi a ou aprann sa kleren ye ki donk konsyans ou ranfòse e defo a diminye. Kontinye fè rechèch sou entènet mande konsèy. Lap jus rete li disparèt paske wap vin pi fò ke li e wap reprann kontwòl kòw ak lespri w. Nom mwen se Wilkens Scott FIFI mwen te men m jan avè w. M ta swete atik sa a fè w vin men m jan avè m. Yon moun ki sòb e ki rejwenn tout kapasite mantal li ak fizik li.
2 Comments
Semenn sa, tout moun ka tande nan radio ki kalte tole kesyon “Dyalòg El Rancho » a fè nan radyo ak nan televizyon pa bò isit, kote nèg ki fin siyen dokiman an vle fè konprann gen anpil bagay ki pa klè nan dokiman yo siyen an, kòm si yo te siyen si li. Se kòmsi nèg isit tounen timoun piti yo bay kalalou gombo tou cho nan plamen.
Youn nan bagay nou plede tande nan diskisyon sa yo, se nèg k ap raple yo siyen SOU REZÈV. Senatè lwès, Steven Benoit, tout moun respekte pou kokenn travay li te fè lè li te te depite, pran radyo ak televizyon, rele anmwe w,, pou mande lasosyete padon, deske li poze siyati l anba dokiman sa (nan plas prezidan Sena) alòske gen bagay li vin wè kip a klè. Mwen p ap mize sou briganday nèg isit, ki fin rive, ap fè chak jou Bondye mete. Men tèm SOU REZÈV la te atire atansyon m kifè te blije pwoche yon zanmi m pou wè aklè si konprann sa yo di a lè yo di yo siyen dokiman SOU REZÈV. Daprè limenm, SOU REZÈV la, vle di yo poze siyati yo, pandan gen egzijans yo fè, gen bagay yo mande ki pou respekte. Sa ki vle siyati a ka pa gen valè si bagay sa yo pa respekte. Ki totalman diferan tankou nan match foutbòl, kote yon ekip oswa yon gwoup moun konn FÈ REZÈV sou lòt ekip la si yo panse gen yon jwè ki pat dwe jwe match la. Lè sa yo ekri responsab k ap fè chanpyona pou deklare fòmèlman yo kont sa ki rive a. Kidonk si yo pa fè sa, se kòm si yo dakò. Antouka, keseswa SOU REZÈV oswa FÈ REZÈV, toude montre yon opozisyon ak yon bagay. Menmsi anpil fwa, nan diskisyon yo, REZÈV la konn pa pase. Men si w rive kay yon moun, w ap plenyen grangou, ou tande li di w li gen yon REZÈV yon kote, w ap tèlman kontan, w ap REZÈVE yon gwo bo pou moun sa, paske sa Bondye REZÈVE pou ou, lavalas pa ka pote li ale. Men sa zanmi m nan voye di m nan yon mesaj maten an : « Ti jen panse wi Ou gen nan rezèv ou wi la! M rezève yon kichoy pou ou »
Mwen sezi tande nan radyo, maten an, Ansito Feliks, responsab mobilizasyon pati Fanmi Lavalas la, deklare, pati politik li ladann lan pare pou patisipe nan dyalòg ak prezidan anplas la, Michèl Jozèf Mateli, men fòk se pa ta monològ.
Mwen sezi pou 2 bagay. Premye bagay la, Fanmi Lavalas vle dyalòg. Tout ayisyen ki te konn swiv zafè politik nan peyi a nan lane 90-2000 yo ka raple yo se youn nan pi gwo pwoblèm pati sa te genyen, lè li te sou pouvwa. Li pat vle chita pale ak lopozisyon an. Se rezon sa menm ki fè ansyen prezidan Janbetran Aristid te blije kouri al fon ti chita gade nan peyi Lafrik Disid. Men se petèt yon bon egzanp pou prezidan Mateli, ki ta dwe wè kote pa vle chita pale mete moun. Dezyèm sa ki fè m sezi, se mo “Monològ” la Ansito Feliks itilize a. Se pa yon mo nou preske tande nan bouch moun ki pa konn li. Yo te toujou vle fè nou konprann patizan Janbetran Aristid se analfabèt. Depi lè tipè a te fin di “Analfabèt pa bèt”. Mwen rete kwè, reprezantan pati a pa rete konsa li di mo a, non plis se pa moun ki di li di l. Sa vle di, misye konprann kisa yon monològ ye. Dyalòg pa menm bagay ditou ak Monològ. Lè gen dyalòg, gen plizyè moun, gen echanj lide. Genyen sa yo rele entèraksyon an. Nan Monològ, se yon sèl moun. Pa gen echanj lide. Nou jwenn “Monològ”, tankou nan zafè teyat, kote yon aktè ap jwe yon sèn, l ap kesyone tèt li, bay repons ak kesyon li poze tèt li. Nou jwenn li tou nan yon diskisyon, lè youn nan moun ki bò tab la pa prete atansyon ak sa lòt moun yo ap di, se sa li di ki enpòtan. Sa ki pa pèmèt bon jan kominikasyon pase ant youn lòt. Sa ki anpeche diskisyon an rive nan yon pwen kote pati ki te sou tab la rive jwenn yon solisyon. N ap raple, apre gwo manifestasyon lopozisyon an te fè jedi 7 novanm 2013 la, Nasyonzini ak kominote entènasyonal la nan peyi a te mande pou tout pati yo (egzekitif, lejislatif, lopozisyon) chita pale pou evite peyi a tonbe nan katchouboumbe, pou n rive sou wout devlopman n ap pwone a. Kesyon k ap poze, eske nèg sa yo gen bon sans ak zorèy pou koute. Antouka, si yo tande, ya fè sa, men, si se yon ekip moun ki soud yo ye, wayan! Kote nou konn wè moun soud dyaloge? |
AuteurJethro J. SEREME Archives
March 2018
Categorie |