Mwen sezi tande nan radyo, maten an, Ansito Feliks, responsab mobilizasyon pati Fanmi Lavalas la, deklare, pati politik li ladann lan pare pou patisipe nan dyalòg ak prezidan anplas la, Michèl Jozèf Mateli, men fòk se pa ta monològ.
Mwen sezi pou 2 bagay. Premye bagay la, Fanmi Lavalas vle dyalòg. Tout ayisyen ki te konn swiv zafè politik nan peyi a nan lane 90-2000 yo ka raple yo se youn nan pi gwo pwoblèm pati sa te genyen, lè li te sou pouvwa. Li pat vle chita pale ak lopozisyon an. Se rezon sa menm ki fè ansyen prezidan Janbetran Aristid te blije kouri al fon ti chita gade nan peyi Lafrik Disid. Men se petèt yon bon egzanp pou prezidan Mateli, ki ta dwe wè kote pa vle chita pale mete moun. Dezyèm sa ki fè m sezi, se mo “Monològ” la Ansito Feliks itilize a. Se pa yon mo nou preske tande nan bouch moun ki pa konn li. Yo te toujou vle fè nou konprann patizan Janbetran Aristid se analfabèt. Depi lè tipè a te fin di “Analfabèt pa bèt”. Mwen rete kwè, reprezantan pati a pa rete konsa li di mo a, non plis se pa moun ki di li di l. Sa vle di, misye konprann kisa yon monològ ye. Dyalòg pa menm bagay ditou ak Monològ. Lè gen dyalòg, gen plizyè moun, gen echanj lide. Genyen sa yo rele entèraksyon an. Nan Monològ, se yon sèl moun. Pa gen echanj lide. Nou jwenn “Monològ”, tankou nan zafè teyat, kote yon aktè ap jwe yon sèn, l ap kesyone tèt li, bay repons ak kesyon li poze tèt li. Nou jwenn li tou nan yon diskisyon, lè youn nan moun ki bò tab la pa prete atansyon ak sa lòt moun yo ap di, se sa li di ki enpòtan. Sa ki pa pèmèt bon jan kominikasyon pase ant youn lòt. Sa ki anpeche diskisyon an rive nan yon pwen kote pati ki te sou tab la rive jwenn yon solisyon. N ap raple, apre gwo manifestasyon lopozisyon an te fè jedi 7 novanm 2013 la, Nasyonzini ak kominote entènasyonal la nan peyi a te mande pou tout pati yo (egzekitif, lejislatif, lopozisyon) chita pale pou evite peyi a tonbe nan katchouboumbe, pou n rive sou wout devlopman n ap pwone a. Kesyon k ap poze, eske nèg sa yo gen bon sans ak zorèy pou koute. Antouka, si yo tande, ya fè sa, men, si se yon ekip moun ki soud yo ye, wayan! Kote nou konn wè moun soud dyaloge?
0 Comments
Leave a Reply. |
AuteurJethro J. SEREME Archives
March 2018
Categorie |