Depi plis pase yon semèn, yon nouvèl mare ren ap sikile sou tout rezo sosyal yo. Vladjimir Legagneur, yon jounalis fotograf pa rantre lakay li. Jounalis la te al fè yon repòtaj depi 14 mas, nan GranRavin, yon katye anlè tèt Matisan, nan antre sid komin Pòtoprens. Yon zòn chèf nan peyi isit abandone depi lontan. Se menm GranRavin sa, plizyè polisye te anvayi granmaten, lendi 13 novanm 2017 la, nan yon operasyon san planifikasyon, dapre sa yo fè konnen, kote nenpòt 8 moun te pèdi lavi yo, ladan yo 2 polisye. San konte plizyè blese. Plis pase 10 jou apre pèsonn pa konn sak rive jounalis fotograf la egzakteman, chak moun ap bay verite pa yo epi otorite peyi Dayiti pat janm di yon mo sou sa, malgre fanmi ak kòlèg li yo te fè plizyè demach pou mande otorite yo, fè kou yo konnen pou yo jwenn jenn gason sa. Finalman, apre anpil presyon asosyasyon medya, asosyasyon jounalis ayisyen, ak repòtè san fwontyè, Pòtpawòl Lapolis peyi Dayiti rive fè konenn yo krenn pou sa ta pi mal, kòmkwa pou jounalis fotograf la ta tou disparèt nèt san yo pa jwenn li. Malgretou, li fè konnen lapolis ak lajistis, sèvis sekrè yo si genyen, ta kontinye fè rechèch pou jwenn li vivan, oswa jwenn kò jounalis la, si li ta mouri. Otorite Leta pi fèb pase sa nou te konprann Se pa yon sekrè pou pèsonn, Leta peyi Dayiti poko janm ka rive bay sitwayen yo sèvis yo bezwen kòmsadwa. Ka jounalis fotograf la vin ranfòse dout popilasyon an genyen sou kapasite fòs polis la pou pote sekou lè sa gen bezwen. Kesyonman yo anpil, kote moun k ap obsève ap mande tèt yo kouman fè malgre tout rimè k ap sikile sou ensidan ki ta rive jounalis fotograf la, otorite lapolis sanble pa menm gen kapasite pou monte nan zòn nan pou mennen yon ankèt nòmal pou rive jwenn enfòmasyon. Se youn youn medya oswa jounalis k ap rele kèk sitwayen nan zòn nan pou poze yo kesyon mande yo sa ki genyen. Lòt moun k ap pale vle fè kwè, se paske se yon “Ti Jounalis fotograf”, yon ti ayisyen san non, ki fè jiskaprezan, pèsonn pa leve dwèt yo pou di yon mo, oswa ou pa wè gwo operasyon lapolis nan tout lokalite a, mare vagabond, jwenn swadizan koupab yo. Kiyès reyèlman ki te konnen gon jounalis fotograf yo rele Vladjimir Legagneur. Eske li abitye fè bri nan radio, eske li gen pwòp emisyon l, epi fè konnen li gen dosye, pou moun mache sou li. Non plis li pa abitye resevwa envite nan jounal, oswa gen plizyè èd tan ap pale sou kèk dosye. Jan bagay sa fè bri a deranje nèg isit, nou konnen toujou ap kase fèy kouvri sa. Lobèy la pete nan figi yo, sa montre a klè, otorite isit gade sitwayen yo sou aparans, kidonk yo gon mezi pou pase chak moun. Kantite pay ou kite nan paswa yo se kantite pwa ou mezire sou balans yo. Yon zak malonèt ka rive nenpòt moun nenpòt lè, nenpòt peyi. Men rapidman Otorite nan Leta yo pran responsablite yo, fè rechèch pou rive fè limyè sou sak rive a. Malerezman pabò isit, se lè n ap gad fim polisye sèlman nou wè bagay sa. Son bagay sèten, genyen kèk non la, si se te yo menm, sa pa t ap pase konsa. Pwa Asosyasyon medya yo nan balans lan Malgre kominike asosyayon medya yo, asosyayon jounalis, sa pa leve plim sou do otorite yo. Sa fè anpil moun poze kesyon tou sou wòl ak pouvwa laprès genyen nan peyi isit. Se komkwa yo pa gen pwa nan balans la non plis ankò, pou fòse otorite Leta ayisyen pran responsablite yo. Se nòmal, kouman pou w ta fè ap egzije yon moun yon bagay, alòske ou pa ka leve tèt gade l nan je. Anpil patwon medya tankou tichat yo mare nan pye tab gouvènman. Yo preske pa anyen devan yo ankò, jan sa te konn ye anvan. Lontan, lè gen yon jounalis yo pa wè, depi yo ta annik tande sa nan radyo, tout moun gentan sou brenzeng yo, ap chèche kote l fè. Kounya pa gen sa pyès. Se pa kesyon pou gen bif ant medya ak otorite nan Leta yo. Men li lè pou patwon medya ak jounalis sispann ap tan rès bav nan men politisyen isit. Li lè pou nèg sispann vann mikwo, pou rebay pwofesyon sa tout lonè li merite. Respè ak onètete fè moun. GranRavin, yon zòn yo abandone Yon lòt bagay koze sa montre aklè, se jan moun ap viv nan GranRavin. Si se ta vre, jan yo ta vle fè kwè a, kote sa se pa kote pou moun viv. Ta sanble gen kèk kote moun pa dwe pase nan vil la. Antouka sa pa diferan nan lari Pòtoprens, oswa nenpòt lòt kote nan peyi a, kote pa gen otorite Leta, vagabonday la pran lari, yo gen dwa lavi oswa lanmò sou nenpòt sitwayen. Paske se yon jounalis, piti kou li ye, li fè bri. Konbyen lòt moun k ap disparèt menm jan nan katye popilè yo, men sa pa fè bri. Moun ki la pou pran desizyon yo ak politisyen yo pa gen enterè pou sa chanje paske se dan devan pa yo nèg sa yo ye, epi yo konnen anpil dosye. Sak pi mal la, pa gen pyès swivi k ap fèt, lè yon zak malonèt rive, li rive nèt. Lajistis ak Lapolis bèkatè. Se pa serye lè anpil moun fè kwè nou nan yon savann. Paske menm savann gen mèt Antouka, jiskaprezan, Lapolis fè konnen y ap kontinye chèche jounalis fotograf la, kou chen fou. Pandan fanmi l, zanmi l, kòlèg travay li, sila yo ki te konn kwaze l sou gran chimen kontinye ap pase men nan je yo, pou wè si se reve y ap reve… Tout moun ap tann yon bon nouvèl, jiskaprezan...
0 Comments
|
AuteursJethro Joseph SEREME Archives
March 2018
|