Dènye jou sa yo, klas politik nan peyi Dayiti fèk kare pran chaplèt. Nèg isit ap klewonnen se gwo lidè yo ye, poutan depi konkonm te konn goumen ak berejenn, se yo ki toujou parèt san fè ladiferans. Se poutèt sa, tout moun ka remake mesyedam sa yo fenk kare met moun nan lari, fè bri kouri nouvèl gaye, boule kawotchou nan tout rakwen, kraze vit machin malere k ap pase mizè , sèlman paske pouvwa yo vle genyen nan pòch yo a sou wout pou pase lwen yo tout bon vre. Swadizan, jan bri a ap kouri nan lari a, politisyen yo koumanse pèdi vale yo te genyen an. « Pa gen pwa nan balans la ». Bon, bri a kouri, se pa mwen ki vante lafimen an, men dife pran tout bon nan kay la. Pouchon Divèje, chantè gwoup konpa Djakout Mizik pral kandida pou depite nan lakomin Kavayon, nan depatman Sid peyi Dayiti. Dapre chantè a, se pèp Kavayon ki mande l pou li reprezante yo nan palman paske politisyen ki la yo pa vo anyen. Yo mande pou misye al mete lòd nan dezòd. Nou sonje jan moun Machan Desalin vote Grasya Dèlva san gade dèyè. M pa bezwen pèdi tan mwen montre nou konbyen mizisyen ki tounen nan yon bat je chèf nan peyi isit, Michèl Jozèf Mateli prezidan angranjan anba je pil gwo potanta ki t ap pale anpil, bann Milann Maniga (gwo entelektyèl douvan pè Letènèl, chèf lidè pati RDNP), Jid Selesten (bèl jenn gason pati ansyen prezidan Preval INITE), Chal Anri Bekè (ki gen yon bis k ap kouri nan tout lari ki pa fouti jwenn pasaje jouk kounya), ak divès lòt gwo lidè potanta, sèl chèf bann rara ki pa fouti met moun deyò si se pa vaksin ak banbou yo pran pou bay tipèp plezi. Menm si nèg yo pa mizisyen, yo kwè nan mizik, yo kwè nan lakilti. Bon, sa m tande la…ta sanble Blakizi vle majistra tou nan Jeremi. Misye ta sanble ap swiv konsèy ansyen kòkòday li ki te majistra nan lakomin Kafou, Ivon Jewòm. Ta sanble menm Jak Sovè Jan pral nan eleksyon pou pòs senatè nan depatnan Nò a. Gen lòt son nan lari a ki fè konprann moun Petyonvil ka al kaselezo nan chanm depite a lòt ane. Je nou la n ap gade, n ap pliye kò nou, san bri san kont. Antouka, ka gen gwo rèl pete nan eleksyon ki ta dwe fèt nan mwa Oktòb 2014 la. Pèp la ap pare pou bay anpil moun kanè. Genyen ki p ap menm ka jwenn kanè, tèlman pèp la p ap jwenn nòt pou ba yo. Yon zanmim rele m nan telefòn dènyeman pou di mwen, tasanble gen lidè politik ki koumanse ap pran kou gita ak piyano ankachèt, pou yo kouri lage yon grenn mizik nan lari a anvan eleksyon. Yo p ap asiste tiraj, yo deja bannann. Malerezman, tout nèg sa yo ap fè bèkatè. Yo pa gen bann. Se mizisyen yo ki konn sekre andirans la nan mizik la, se rezon sa ki fè yo gen siksè kounye a. Reyalite a, se travay pou travay, sa w di Rejinal Kanje ?!!! Eleksyon tèt dwat!!
0 Comments
M ap pataje ak nou jounen jodi a yon tèks nou resevwa jodi a. Mesi pou tout moun ki dakò pataje ak piblik la sa yo panse, sou blòg BLOGODOW.
Yè maten m tandon bri nan koridò a Vip pi w m fon pa chat pwoche gade Lè m fouye tèt mwen pran yon ti priz M won foul moun ap mande: “Kote banm zonbi sa yo soti? Kote souf nan bwa sa yo prale Yo sanble pèdi wout kay yo Apa se nan lari a sèlman yo vle rete Kote yo jwenn ak anyennafè sa yo Kote machann peyi sa yo prale Yo vle se yo sèl ki pou sa Yo refize kite solèy limen nan kwen kay nou” Lopozisyon zagribay ki we tèt li sèlman Menm yomenm nan depi lakoloni Gadon koze apa yo pa janm kontan O o gadon Lopizisyon sa m pa pè Yon ti filangèt moun ki vle tout pou yo Mesyedam yo derefize pran lit pèp la tout bon Yo kwè sèlman nan wet pye w banm met pa m Olye yo soulve chay nanm tray yon peyi Yo pa janm wè pwoblèm serye peyi a Sa yo vle sèlman se demisyon Tanndat nèg sa yo demisyone Depi kilè yo te moun pèp Mesyedam sa yo se danfèmal Gade lè grennwòch yo pè soulye pèp la Yo pa gen kouraj soulve chay nanm tray peyi a Banm sankonsyans ki wè pòch yo sèlman Yè maten m tandon bri nan koridò a Vip pi w m fon pa chat pwoche gade Lè m fouye tèt mwen pran yon ti priz M won foul moun ap pale Yon gwoup mande Nanpwen pwoblèm kouran, gen pwòp enèji Yon lòt di :Nan pwen pwoblèm transpò, 4 kawotyou yo menwotè Zafè lekòl pa zafè tinèg, tout timoun laba Kote pwoblèm manje a, kabinèt nèg yo friz tout pwovizyon Mesyedam lopozisyon yo tèt anba Se pouvwa y ap tann Pou yo divize menm jan sa toujou rive Apre sa ki pi sousou a Sa ki soufnantyou a Rive pran pouvwa Kiyès k ap rele aba Kiyès k ap rele konsa Se menm yomenm depi tan lakoloni Chak jou Bondye mete, gen yon seri fenomèn kap fèt nan sosyete a ki bay jarèt ak lang kreyòl la. Konsa, gen anpil newolojis ki pran plas yo nan lang nan epi k ap fè chemen yo. Depi kèk tan, nou ka tande moun ap pale de “tòl wouj”. Se yon nouvo newolojis ki pran plas li nan imajinè Ayisyen epi ki gen yon seri reprezantasyon espesifik.
Nou tout konnen tòl se yon materyèl yo itilize pou kouvri kay(Yon kay anbwa oswa yon kay anmi). Yo itilize mo tòl la tou pou eksprime yon mezi pou yo van sèl (m achte yon tòl sèl). Gen moun ki pale de tòl la tou pou yo montre yon bagay ki pa gen finès, konsa yo di yon moun ki gen vwa wòk, yon vwa grav, li gen yon vwa tòl. Tout sa se pou montre nou jan tòl la gen divès sans nan reprezantasyon imajinè ayisyen an. Kounya, ann konsidere dezyèm pati espresyon an ki se « wouj». Nou tout konnen koulè yo gen yon sans pou chak moun. Pou anpil moun, wouj senbolize lajwa, se koulè laviktwa. Men gen lòt tou ki konsidere wouj la kòm koulè kriminèl, konsa, espesyalis sikoloji sosyal yo, nan relasyon sikoloji ak anviwonman esplike rezon ki fè nou pap wè yon sal lopital pentire an wouj. Sa ki ta fè nou kwè tout bon vre wouj la se yon koulè cho, yon koulè kriminèl ki raple san. Yon moun ki pran yon rad wouj pou al asiste yon antèman, menm si se manman li ap sibi tout kalte veksasyon kòmsi se limenm ki se kriminèl la. Pou anpil moun, wouj la se yon koulè ki cho, sa kifè yo konn di wouj kon chabon menm ke nou tout konnen deja chabon toujou nwa menm si li ka vin wouj lè li byen cho. Lòtjou, mwen tande yon paran k ap rele pitit li , li di l : « degaje w pou al nan dlo paske nan panyòl tou wouj ». Sa vle di, ekla solèy la reflete sou tèt mòn nan, bay yon aspè wouj, e sa ta vle di ke finalman li fè klè. Kite priyè pran kantik. Depi kèk tan, nou ka wè, jan gouvènman Mately-Lamòt la toujou klewonnen sa nan radyo, Ayiti ap vanse. Si se par anse y ap ranse, nou ka rete kwè tout bon peyi a resi vle pran chimen devlopman. E se tout bon vre paske anpil kote nou pase, nou ka wè tòl wouj bare pasi pala, menm ke anndan tòl la pa gen anyen ki ap regle. Depi tout moun wè Tòl wouj la yo ka pran chante, Ayiti an chantye. Si pou gouvènman tòl wouj la se ta viktwa pou pèp la, siy ki di ke Ayiti ap dekole a, pou anpil moun nan mitan pèp la, Ayiti fin dekole, li pèdi tèt li nèt, pye l pa ka pran tè. Menm si pou anpil moun wouj la se yon koulè cho, ki bay klate ki fè, depi w parèt ou wè se tout bon vre gouvènman ap travay, gouvènman tou limen, tòl wouj toupatou, viktwa pou pèp la. Pou kèk lòt zanmi k ap reflechi, tòl wouj la se yon fasad. Selon ti mikwototwa nou te fè, lè n te mande moun yo kisa tòl wouj la reprezante pou yo, gen anpil ki te di se yon pretèks gouvènman pran pou l bouche je pèp la epi fè sanblan gen yon bagay k ap mache, poutan se woule y ap woule pèp la nan farin. M te sezi tande sou chanmas la, yon moun ki tap pale a yon lòt epi li te di l « piga ou tòl wouj mwen non ! », lè m al fouye zo nan kalalou, li te di m se yon mwayen pou fè moun nan konprann li pa ka vin pase l nan betiz. Sa kif è depi kèk tan, lè ou tande yon moun vle di ou pa serye, ou nan koripsyon, ou mafya, magouyè, blofè, toupizè ak anpil lòt ankò, li di ou «tòl wouj ». Eksperyans sa a fè nou kesyone vrè fondman leta Ayisyen an ; èske se tout bon vre se pase y ap pase nou nan farin, fè nou konprann bagay yo ap vanse, y ap pwoteje tèt yo anndan bare tòl wouj yo pou ni lapli, ni solèy pa bat yo pandan pèp la limenm se devan tòl wouj la li kanpe l ap gade san li pa ka wè ni kiyès ki anndan, ni kisa ki ap regle anndan an. Sèl sa nou konnen, gouvènman di nou Ayiti ap vanse ! donk, li pa yon bagay ki kache pou pèson, tòl wouj la se viktwa pou pèp la men li enpòtan pou n atire atansyon nou sou chwa koulè yo pentire tòl la, yon tòl wouj, ti bebe toujou renmen wè koulè wouj, pèp la nan ti lèt toujou, se sa ki fè se sa yo fè. Mezanmi, se toutbon vre gouvènman Mately-Lamòt la vle ede pèp la. Sot nan koulè woz, pase pran koulè wouj, gouvènman toujou ap benyen nan lanmou, lajwa, lakontantman ak laviktwa poutan se yon sèl koulè pèp la toujou konnen, koulè nwa. Nou pa bezwen linèt pou nou wè gouvènman sa a renmen pèp la, li afiche sa klèman ak koulè wòz la nan tout lari. Li menm gen baz wòz. Finalman gen dat ki mache klèman nan kilti pèp sa. 14 fevriye se jou lanmourez manifeste tout sa yo gen andan yo pou zanmi yo. 14 me, se dat prezidan fete lanmou li pou pèp la. Alewè pou 18 me. Nou pa ka fin fè tout granpanpan sa yo pou nou gen souf panse fete 18 me. Nou fatige, nou dwe repoze. Apredans tanbou lou. Podyab fèt nasyonal. Eske se penti woz la ki ra ki fè se wouj la yo bay tòl la ? Antouka, pèp la pa dwe dekouraje paske se toutbon lespwa fè viv men se vre, gouvènman tèt kale a kale tèt pèp la woz nèt, tòl la chanje koulè, tòl la wouj. Jouskilè y a sispann tòl wouj pèp Ayisyen ? « Je ne crois plus en mon Président »
C’est ce que me lance le chauffeur de moto en prenant un corridor étroit, en terre battue, entre deux maisons. On dirait que les propriétaires des maisons se battent pour avoir l’allée, mais hésitent encore car c’est une ruelle très passante. Je me demande comment les gens arrivent à circuler tant il fait noir, il est à peine 2h PM. Les gens construisent n’importe comment dans la capitale. Je repasse en mémoire ces constructions anarchiques un peu partout, sans le moindre geste des autorités pour dire NON. Existe-t-il encore des autorités capable de prendre la moindre décision dans ce pays ? « Je ne crois plus en lui », dit-il à nouveau, voulant attirer mon attention sur ses commentaires sur le chef de l’État. Moi qui n’aime pas trop parler politique, je me vois lui demander beaucoup plus d’explication sur ce qu’il avance. Faut quand même montrer à l’autre qu’on s’intéresse à lui, c’est de la sagesse. Surtout mon interlocuteur me conduit chez moi. En plus, il tient les guidons de la motocyclette. Je ne suis qu’un pauvre voyageur qui a eu l’amabilité de le payer pour m’y conduire. « Qu’est-ce qu’il a le Président ? », lui demandai-je. - Il y a quelques semaines, le président a déclaré que les caisses de l’État étaient vides. - Elles le sont, je lui répondis. Si le président le dit, c’est parce que c’est vrai. - Mais non, rassure-t-il. Peut importe qui tu es, même si tu travailles pour lui, je ne vais pas te croire. Je ne crois personne dans ce gouvernement, renforça-t-il. Moi je ne crois qu’en ma moto, c’est grâce à elle que je peux prendre les soins de ma famille. Je ne crois ni les magistrats, ni les députés, ni les sénateurs. Ils font tous de l’argent. Je crois en mes clients. Ce qui me rassura un peu. L’idée que tout le peuple pense comme ce type me rend un peu perplexe. Les gens sont-ils aussi hostiles à l’égard de nos autorités. Le chauffeur arrêta subitement la moto et se tourna vers moi. - Tu te rends compte que le Président déclare qu’il n’y a plus d’argent dans les caisses de l’État, rajouta-t-il. Mais c’est pas vrai. De l’argent, il y en a. Je ne le crois pas moi. Tout comme je ne crois plus le Premier ministre. Écoute - moi mon ami, je ne te connais pas, mais je peux faire cette analyse avec toi. Tu es mon boss, c’est toi qui me paie aujourd’hui. Moi je suis la radio tous les jours moi. En janvier dernier, le Premier ministre a promis de fournir le courant électrique 24 heures sur 24 dans le pays d’ici juillet 2013. On est en mai 2014 aujourd’hui. Il n’y a rien. Plus rien. On n’est pas fou nous les chauffeurs de moto. - Je vois de quoi tu parles, mais c’est difficile l’électricité en Haïti avec tous ces gens qui prennent les « prises » dis-je pour le convaincre. - Mais attend. Au début de l’année 2014, le Premier ministre avait aussi annoncé que les ministères n’auront pas de 4X4 de luxe, ceci dans le but d’aider les personnes les plus pauvres, tel que moi. Jusqu'à présent rien. Où est passé ce plan pour lutter contre la pauvreté extrême. Je me suis dit que le chauffeur avait raison cette fois. Bien qu’il ne connait peut-être pas les raisons de ce problème d’électricité en Haïti depuis des années, mais pour le plan de la lutte contre la pauvreté, on aurait du commencer à voir la différence, surtout avec la promesse du premier ministre de doter les ministères de 4X4 moins luxueux. La Ministre Marie Rose Anne Auguste avait même montrer que c’était indécent qu’un ministre roule une voiture de 100 000 dollars américain dans un pays pauvre. Ceci me rappelle les déclaration de l’utilisation des Daihatsu Terios. - En plus de tout cela, ajouta mon chauffeur de moto, tu te souviens de ce type là, qui avait construit le bus, comment s’appelle-t-il encore, articule-t-il, la tête vers le ciel, pour se remémorer du nom du constructeur. Je vois bien de qui il parle, mais moi non plus je n’arrive pas à me souvenir de son nom. Tant qu’il est passé inaperçu depuis ce temps. Je ne me souviens pas l’avoir trop vu dans les médias malgré son exploit. Ici on ne donne pas de valeur à la probité intellectuelle tant qu’on se bat pour le pain quotidien. Je me demande comment un jeune haïtien arrive à s’armer de patience pour réaliser une œuvre aussi remarquable. - Je m’en fous de son nom, lance-t-il. Mais, le ministre des finances de l’époque avait déclaré que l’État haïtien lui donnerait assistance et encadrement. Un petit parc industriel, comme le journaliste l’avait mentionné, pour le développer le secteur. Jusqu’à aujourd’hui, wayan ! Le chauffeur de moto démarra à nouveau la moto si vite que j’ai failli tomber. On dirait qu’il a vraiment une dent contre quelqu’un. Pas moi en tout cas. |
AuteursJethro Joseph SEREME Archives
March 2018
|