Chak jou Bondye mete, gen yon seri fenomèn kap fèt nan sosyete a ki bay jarèt ak lang kreyòl la. Konsa, gen anpil newolojis ki pran plas yo nan lang nan epi k ap fè chemen yo. Depi kèk tan, nou ka tande moun ap pale de “tòl wouj”. Se yon nouvo newolojis ki pran plas li nan imajinè Ayisyen epi ki gen yon seri reprezantasyon espesifik.
Nou tout konnen tòl se yon materyèl yo itilize pou kouvri kay(Yon kay anbwa oswa yon kay anmi). Yo itilize mo tòl la tou pou eksprime yon mezi pou yo van sèl (m achte yon tòl sèl). Gen moun ki pale de tòl la tou pou yo montre yon bagay ki pa gen finès, konsa yo di yon moun ki gen vwa wòk, yon vwa grav, li gen yon vwa tòl. Tout sa se pou montre nou jan tòl la gen divès sans nan reprezantasyon imajinè ayisyen an. Kounya, ann konsidere dezyèm pati espresyon an ki se « wouj». Nou tout konnen koulè yo gen yon sans pou chak moun. Pou anpil moun, wouj senbolize lajwa, se koulè laviktwa. Men gen lòt tou ki konsidere wouj la kòm koulè kriminèl, konsa, espesyalis sikoloji sosyal yo, nan relasyon sikoloji ak anviwonman esplike rezon ki fè nou pap wè yon sal lopital pentire an wouj. Sa ki ta fè nou kwè tout bon vre wouj la se yon koulè cho, yon koulè kriminèl ki raple san. Yon moun ki pran yon rad wouj pou al asiste yon antèman, menm si se manman li ap sibi tout kalte veksasyon kòmsi se limenm ki se kriminèl la. Pou anpil moun, wouj la se yon koulè ki cho, sa kifè yo konn di wouj kon chabon menm ke nou tout konnen deja chabon toujou nwa menm si li ka vin wouj lè li byen cho. Lòtjou, mwen tande yon paran k ap rele pitit li , li di l : « degaje w pou al nan dlo paske nan panyòl tou wouj ». Sa vle di, ekla solèy la reflete sou tèt mòn nan, bay yon aspè wouj, e sa ta vle di ke finalman li fè klè. Kite priyè pran kantik. Depi kèk tan, nou ka wè, jan gouvènman Mately-Lamòt la toujou klewonnen sa nan radyo, Ayiti ap vanse. Si se par anse y ap ranse, nou ka rete kwè tout bon peyi a resi vle pran chimen devlopman. E se tout bon vre paske anpil kote nou pase, nou ka wè tòl wouj bare pasi pala, menm ke anndan tòl la pa gen anyen ki ap regle. Depi tout moun wè Tòl wouj la yo ka pran chante, Ayiti an chantye. Si pou gouvènman tòl wouj la se ta viktwa pou pèp la, siy ki di ke Ayiti ap dekole a, pou anpil moun nan mitan pèp la, Ayiti fin dekole, li pèdi tèt li nèt, pye l pa ka pran tè. Menm si pou anpil moun wouj la se yon koulè cho, ki bay klate ki fè, depi w parèt ou wè se tout bon vre gouvènman ap travay, gouvènman tou limen, tòl wouj toupatou, viktwa pou pèp la. Pou kèk lòt zanmi k ap reflechi, tòl wouj la se yon fasad. Selon ti mikwototwa nou te fè, lè n te mande moun yo kisa tòl wouj la reprezante pou yo, gen anpil ki te di se yon pretèks gouvènman pran pou l bouche je pèp la epi fè sanblan gen yon bagay k ap mache, poutan se woule y ap woule pèp la nan farin. M te sezi tande sou chanmas la, yon moun ki tap pale a yon lòt epi li te di l « piga ou tòl wouj mwen non ! », lè m al fouye zo nan kalalou, li te di m se yon mwayen pou fè moun nan konprann li pa ka vin pase l nan betiz. Sa kif è depi kèk tan, lè ou tande yon moun vle di ou pa serye, ou nan koripsyon, ou mafya, magouyè, blofè, toupizè ak anpil lòt ankò, li di ou «tòl wouj ». Eksperyans sa a fè nou kesyone vrè fondman leta Ayisyen an ; èske se tout bon vre se pase y ap pase nou nan farin, fè nou konprann bagay yo ap vanse, y ap pwoteje tèt yo anndan bare tòl wouj yo pou ni lapli, ni solèy pa bat yo pandan pèp la limenm se devan tòl wouj la li kanpe l ap gade san li pa ka wè ni kiyès ki anndan, ni kisa ki ap regle anndan an. Sèl sa nou konnen, gouvènman di nou Ayiti ap vanse ! donk, li pa yon bagay ki kache pou pèson, tòl wouj la se viktwa pou pèp la men li enpòtan pou n atire atansyon nou sou chwa koulè yo pentire tòl la, yon tòl wouj, ti bebe toujou renmen wè koulè wouj, pèp la nan ti lèt toujou, se sa ki fè se sa yo fè. Mezanmi, se toutbon vre gouvènman Mately-Lamòt la vle ede pèp la. Sot nan koulè woz, pase pran koulè wouj, gouvènman toujou ap benyen nan lanmou, lajwa, lakontantman ak laviktwa poutan se yon sèl koulè pèp la toujou konnen, koulè nwa. Nou pa bezwen linèt pou nou wè gouvènman sa a renmen pèp la, li afiche sa klèman ak koulè wòz la nan tout lari. Li menm gen baz wòz. Finalman gen dat ki mache klèman nan kilti pèp sa. 14 fevriye se jou lanmourez manifeste tout sa yo gen andan yo pou zanmi yo. 14 me, se dat prezidan fete lanmou li pou pèp la. Alewè pou 18 me. Nou pa ka fin fè tout granpanpan sa yo pou nou gen souf panse fete 18 me. Nou fatige, nou dwe repoze. Apredans tanbou lou. Podyab fèt nasyonal. Eske se penti woz la ki ra ki fè se wouj la yo bay tòl la ? Antouka, pèp la pa dwe dekouraje paske se toutbon lespwa fè viv men se vre, gouvènman tèt kale a kale tèt pèp la woz nèt, tòl la chanje koulè, tòl la wouj. Jouskilè y a sispann tòl wouj pèp Ayisyen ?
0 Comments
Leave a Reply. |
AuteursJethro Joseph SEREME Archives
March 2018
|