Dènye jou sa yo, klas politik nan peyi Dayiti fèk kare pran chaplèt. Nèg isit ap klewonnen se gwo lidè yo ye, poutan depi konkonm te konn goumen ak berejenn, se yo ki toujou parèt san fè ladiferans. Se poutèt sa, tout moun ka remake mesyedam sa yo fenk kare met moun nan lari, fè bri kouri nouvèl gaye, boule kawotchou nan tout rakwen, kraze vit machin malere k ap pase mizè , sèlman paske pouvwa yo vle genyen nan pòch yo a sou wout pou pase lwen yo tout bon vre. Swadizan, jan bri a ap kouri nan lari a, politisyen yo koumanse pèdi vale yo te genyen an. « Pa gen pwa nan balans la ». Bon, bri a kouri, se pa mwen ki vante lafimen an, men dife pran tout bon nan kay la. Pouchon Divèje, chantè gwoup konpa Djakout Mizik pral kandida pou depite nan lakomin Kavayon, nan depatman Sid peyi Dayiti. Dapre chantè a, se pèp Kavayon ki mande l pou li reprezante yo nan palman paske politisyen ki la yo pa vo anyen. Yo mande pou misye al mete lòd nan dezòd. Nou sonje jan moun Machan Desalin vote Grasya Dèlva san gade dèyè. M pa bezwen pèdi tan mwen montre nou konbyen mizisyen ki tounen nan yon bat je chèf nan peyi isit, Michèl Jozèf Mateli prezidan angranjan anba je pil gwo potanta ki t ap pale anpil, bann Milann Maniga (gwo entelektyèl douvan pè Letènèl, chèf lidè pati RDNP), Jid Selesten (bèl jenn gason pati ansyen prezidan Preval INITE), Chal Anri Bekè (ki gen yon bis k ap kouri nan tout lari ki pa fouti jwenn pasaje jouk kounya), ak divès lòt gwo lidè potanta, sèl chèf bann rara ki pa fouti met moun deyò si se pa vaksin ak banbou yo pran pou bay tipèp plezi. Menm si nèg yo pa mizisyen, yo kwè nan mizik, yo kwè nan lakilti. Bon, sa m tande la…ta sanble Blakizi vle majistra tou nan Jeremi. Misye ta sanble ap swiv konsèy ansyen kòkòday li ki te majistra nan lakomin Kafou, Ivon Jewòm. Ta sanble menm Jak Sovè Jan pral nan eleksyon pou pòs senatè nan depatnan Nò a. Gen lòt son nan lari a ki fè konprann moun Petyonvil ka al kaselezo nan chanm depite a lòt ane. Je nou la n ap gade, n ap pliye kò nou, san bri san kont. Antouka, ka gen gwo rèl pete nan eleksyon ki ta dwe fèt nan mwa Oktòb 2014 la. Pèp la ap pare pou bay anpil moun kanè. Genyen ki p ap menm ka jwenn kanè, tèlman pèp la p ap jwenn nòt pou ba yo. Yon zanmim rele m nan telefòn dènyeman pou di mwen, tasanble gen lidè politik ki koumanse ap pran kou gita ak piyano ankachèt, pou yo kouri lage yon grenn mizik nan lari a anvan eleksyon. Yo p ap asiste tiraj, yo deja bannann. Malerezman, tout nèg sa yo ap fè bèkatè. Yo pa gen bann. Se mizisyen yo ki konn sekre andirans la nan mizik la, se rezon sa ki fè yo gen siksè kounye a. Reyalite a, se travay pou travay, sa w di Rejinal Kanje ?!!! Eleksyon tèt dwat!!
0 Comments
Leave a Reply. |
AuteursJethro Joseph SEREME Archives
March 2018
|