M ap pataje ak nou jounen jodi a yon tèks nou resevwa jodi a. Mesi pou tout moun ki dakò pataje ak piblik la sa yo panse, sou blòg BLOGODOW.
Yè maten m tandon bri nan koridò a Vip pi w m fon pa chat pwoche gade Lè m fouye tèt mwen pran yon ti priz M won foul moun ap mande: “Kote banm zonbi sa yo soti? Kote souf nan bwa sa yo prale Yo sanble pèdi wout kay yo Apa se nan lari a sèlman yo vle rete Kote yo jwenn ak anyennafè sa yo Kote machann peyi sa yo prale Yo vle se yo sèl ki pou sa Yo refize kite solèy limen nan kwen kay nou” Lopozisyon zagribay ki we tèt li sèlman Menm yomenm nan depi lakoloni Gadon koze apa yo pa janm kontan O o gadon Lopizisyon sa m pa pè Yon ti filangèt moun ki vle tout pou yo Mesyedam yo derefize pran lit pèp la tout bon Yo kwè sèlman nan wet pye w banm met pa m Olye yo soulve chay nanm tray yon peyi Yo pa janm wè pwoblèm serye peyi a Sa yo vle sèlman se demisyon Tanndat nèg sa yo demisyone Depi kilè yo te moun pèp Mesyedam sa yo se danfèmal Gade lè grennwòch yo pè soulye pèp la Yo pa gen kouraj soulve chay nanm tray peyi a Banm sankonsyans ki wè pòch yo sèlman Yè maten m tandon bri nan koridò a Vip pi w m fon pa chat pwoche gade Lè m fouye tèt mwen pran yon ti priz M won foul moun ap pale Yon gwoup mande Nanpwen pwoblèm kouran, gen pwòp enèji Yon lòt di :Nan pwen pwoblèm transpò, 4 kawotyou yo menwotè Zafè lekòl pa zafè tinèg, tout timoun laba Kote pwoblèm manje a, kabinèt nèg yo friz tout pwovizyon Mesyedam lopozisyon yo tèt anba Se pouvwa y ap tann Pou yo divize menm jan sa toujou rive Apre sa ki pi sousou a Sa ki soufnantyou a Rive pran pouvwa Kiyès k ap rele aba Kiyès k ap rele konsa Se menm yomenm depi tan lakoloni
0 Comments
Leave a Reply. |
AuteursJethro Joseph SEREME Archives
March 2018
|